PubGazetteHaiti202005

Matris Liberasyon appelle l'équipe de Montana à mettre un terme aux négociations avec Ariel Henry et rejoindre la mobilisation

..

Matris Liberasyon dresse un bilan catastrophique de la gestion du pouvoir par le premier ministre Ariel Henry. La structure politique dirigée par l'ex sémateur Antonio Cheramy ( Don Kato) accuse Ariel Henry de travailler ppur que le régime PHTK se perpétue au pouvoir. Matris Liberasyon appelle l'équipe de Montana à mettre un terme aux négociations avec Ariel Henry et rejoindre la rue pour sauver le pays

Nous publions in extenso le communiqué de Matris Liberasyon


31 Jiyè 2022

Matris Liberasyon koube l byen ba, pou l salye pèp Ayisyen an
k ap kontinye monte maswife anba lavichè, ensekirite,
koripsyon, esklizyon, anba PHTK 3è vèsyon an, kote
gouvènman Aryèl la mare sosis li ak Madan Lalime BINUH, ak
sèten dirijan politik, mete sou tout sa yo, yon gwo pati nan
laboujwazi a , pou fini ak mas pèp la.
Depi plis pase yon lane, aprè sasinay brital epi sispèk ansyen
Prezidan PHTK dezyèm vèsyon an, Jovenel Moise, nou pa ka
pa raple lavi san valè nan je gwoup moun sa yo, pi gwo rèv yo
se rete nan tèt peyi a menm lè manda yo fini pandan yo p ap
regle anyen pou popilasyon an. Matris Liberasyon nan bò pa l
rete kwè lavi tout moun konte, se poutèt sa nou pa janm
sispann reflechi sou kriz la ki chak jou vin pi mangonmen, e k
ap pran tou yon lòt dimansyon : kote lavi moun vin pi pa vle di
anyen pou gwoup PHTK kèlkeswa fòm li vle pran an, kote valè
ak senbòl yo pa reprezante anyen kòm bousòl pou
fonksyónman sosyete ayisyèn nan.
Sa gen yon bon ti tan, devan degrengolad sa nan pouvwa Leta
yo, anpil òganizasyon ak gwoupman politik ki soti nan tout
rakwen nan peyi a te koumanse chita pou jwenn yon fòmil
pou akonpaye pèp la nan batay pou jwenn yon solisyon pou
libere peyi a anba mafya nasyonal ak entenasyonal yo. Se
konsa malgre anpil obstak yo rive akouche "Akò Montana".

Akò sa a parèt tankou yon solèy k ap limen lespwa pou
koumanse soulaje kalamite majorite popilasyon an.
Objektif pwojè Akò Montana a klè , se :
Mete kanpe yon tranzisyon koupe fache pou fini ak tout
gagòt, tout fòm ensekirite ki blayi sou peyi a. Sa ap rive fèt , lè
nou va rive :

1-kreye kondisyon pou jije tout eskanmotè, volè ak kriminèl k
ap masakre popilasyon an;
2- jwenn yon antant sou pi bon estrateji pou libere tout zòn
nan peyi a kote gang ap fè e defè;
3- rekanpe enstitisyon leta yo, pou redemare peyi a
kòmsadwa.

Malerezman, aprè yon lane movèz jesyon, pouvwa Aryèl la,
ap batay pirèd pou renouvle tèt li. Anpil obstak, manipilasyon,
ezitasyon, ak tantativ enstrimantalizasyon, melanje ak
negosyasyon blòf, bloke pwojè pou mete kanpe tranzisyon
koupe fache sa a, ki se priyorite kle nou menm nan Akò
Montana. Sak pi mal la, san konsilte gwoupman popilè yo,
responsab BSA yo ( Biwo Swivi Akò a) foure tèt yo nan pyèj
chita pale , fè dilatwa ak pouvwa Aryèl la, pandan moun ap
tonbe toupatou nan peyi a, moun ap trimen anba mizè san
parèy, gaz ap monte men wotè, lavichè ap kokobe majorite popilasyon an ki pa konn ki wout pou l pran.

Malgre bòn volonte BSA ( Biwo Swivi Akò a) , tout moun
konnen Aryèl pa mèt tèt li. Tout monte desann negosyasyon
sa yo, se pou fè tan pase e pèmèt Aryèl jwenn yon minimòm
lejitimite ak kredi ke l pat janm genyen.
Matris ki se yon mouvman ki soude ak kòz mas defavorize yo,
ap mande responsab BSA yo, FÈ YON TI KANPE !!! Epi al
jwenn gwoupman popilè yo ak mas popilasyon an, pou
mennen vrè batay pou libere peyi a tout bon vre anfas piyajè
ak kriminèl etranje, melanje ak piyajè, restavèk- kriminèl
lokal.

Politik makiyaj, kalewès sa, nan sitiyasyon malouk peyi a ye la,
dwe kanpe !!!
Nou dwe kontinye òganize nou, reprann fòs nou nan batay la.
Make sa pèp vanyan : sèl yon mobilizasyon poteboure pèp ka
fè peyi a reprann eskanp figi l.
DI DYAB BONJOU, L AP MANJE W !
PA DI L BONJOU, L AP MANJE W PIRÈD !
LEVE KANPE POU NOU LIBERE PEYI A !
Nou se MATRIS!!!

Pou otantifikasyon : Biwo Sekretarya santral Matris Liberasyon
matrisliberasyon033@gmail.com

Category

Politique

Culture

Economie

Sport