In extension
*Mesaj Walsonn Sanon Kowòdonatè Nasyonal ANFÒS pou Ayiti nan okazyon 7 Fevriye 2022 an*
Frè m ak sè m ki nan 10 depatman jewografik peyi an ak nan dyaspora,
Kòm nou konnen l deja, peyi nou Ayiti sou wout disparèt kòm peyi lib e endepandan akòz foli pouvwa ak volonte yon gwoup pou dechèpiye tout riches li. Nan dènye 12 mwa say o espesyalman pa gen yon jou ki pase san nou pa tande nouvèl sou moun yo asasinen oswa kidnape. Pa gen yon jou san nou pa tande rèl popilasyon an swa akoz soufrans mizè ak lòt kalamite, swa akoz vyolans yo ki pa epanye ni timoun 3 zan, ni andikape, ni granmoun, fanm kou gason.
Mezanmi peyi an pa kapab ankò. Nan sans sa a, nan lokazyon 7 Fevriye 2022 sa kote popilasyon an kwense nan mitan gang kap touye moun chak jou ak politisyen k ap goumen swa pou pran pouvwa, swa pou rete sou pouvwa a, mwen vle lanse mesaj sa a :
Lè a rive tout bon pou nou mete sou kote lide defann enterè pèsonèl sèlman an pou nou mete sou tab la Ayiti. Lè a rive pou chire pit la fini. Pou nou aksèpte tout bon vre chita ansanm san ipokrizi.
Jounen jodi an li dwe klè pou tout moun ki renmen peyi an solisyon kriz la paka chita nan men okenn moun oswa yon gwoup pou kont li. Kit se moun oswa gwoup ki déjà sou pouvwa a, kit se moun oswa gwoup ki vle rive sou pouvwa.
Lè a rive pou yon vrè chita pale ki dwe debouche sou yon konsansis lajman laj, e nan yon akò kip a kite sou kote okenn gwoup, okenn moun, nou deside tout bon vre retire peyi an nan lanfè divizyon, ipokrizi, lanfè batay pou pouvwa ak enterè ekonomik pesonèl yo ki pote plis vyolans la.
Lè a rive pou nou soti nan ti jwèt divize pou renye an. Kit se nan pran dikte nan men blan k ap divize nou pi plis ak yon diskou ipokrit. Kit se nan traktasyon politik k ap fèt nan lide sèlman pou pran pouvwa. Nan lide sa a m ap adrese m espesyalman a yon kategori moun ki nan klas politik ak ekonomik lan san nou pa bliye yon sektè nan kominote entènasyonal la. Sispann kreye konfizyon, sispann ankouraje chire pit la. Bay Ayiti yon chans. Pote sipò nou nan yon vrè dyalòg pou sove peyi an.
M ap lanse tou yon mesaj bay Premye Minis Ariel Henry. Premye Minis, anpil obsèvatè konprann ke ou pa gen okenn volonte pou kriz la rezoud.
Yo pran kòm agiman antètman ou genyen pou w kanpe kòm sèl kòk chante nan lakou. Aagiman sa a preske parèt pou verite lè w pa pran okenn dispozisyon pou peyi an soti nan frajilite li nan kesyon gouvènans oswa ekzekitif av yon sèl tèt la.
Yon lide konsa se yon vyolasyon karakterize konstitisyon 1987 amande an, espesyalman atik 133 ki rekonèt yon ekzekitif avek 2 tèt.
Nou konprann nesesite pou gen eleksyon nan peyi an pou se moun ki gen lejitimite ki rive sou pouvwa a. Men, nou konprann tou dwe gen kondisyon ki kreye pou oganize eleksyon sa yo an.
E jounen jodi an, kondisyon ki pi enpòtan se pa kouri mete sou pye nan nenpòt ki kondisyon yon KEP nan yon sèl janm kanson, pou yon eleksyon yon sèl janm kanson.
Yonn nan kondisyon esansyèl yo se konsansis laj ant aktè politik yo, pou dabò jwenn bon antant pou gouvènans lan, answit kreye yon klima favorab pou eleksyon yo. Pami kondisyon kip a ka tann yo ou jwenn rezoud pwoblèm ensekirite an. E pou rezoud li se nan chita pale sensè k ap louvri pòt pou sa rive fèt.
Premye Minis, solisyon an pa nan men w sèlman. Men sinyal ki pi klè a chita nan men w sèlman, lè w ta rive fè bak soul ide pou dirije peyi an pou kont pa w lan.
Sispann enpoze peyi an pwòp volonte pa w. Sispann koute yon ti gwoup blan ak ayisyen k ap di w menm jan yo te fèl ak prezidan Jovenel ADELANTE.
Jounen Jodi an tout vrè patriyòt, tout moun ki renmen peyi an tout bon dwe konprann nesesite sa a pou mete tèt ansanm pou rezoud pwoblem ekonomik y oak pwoblem ensekirite an ki gen gwo enpak sou bon fonksyonman sosyete an.
N ap mande tout gwoup, tout pati politik, tout òganizasyon, espesyalman sila yo ki te angaje yo nan yon akò kelkonk, pou aji rapid vit nan kad yon akò ayisyen global pou rezoud kriz lan.
Nan lokazyon 7 fevriye sila, ann fè kriz la tounen yon opòtinite pou Ayiti. An nou sispann kontribye nan gwo lagè pou pase anba pye tout dat istorik nou yo.
Nan peyi nou Ayiti nou gen anpil dat enpòtan ki make listwa nou. Si nou mete nan yon kote espesyal, dat tankou 14 Dawout pou selebrasyon seremoni Bwa Kayiman ki fè nou konnen enpòtans met tèt ansanm nan, 18 Me ki se yon dat kote zansèt nou yo te mete yo dakò pou te kreye yon drapo, 18 Novanm, ki fè n toujou sonje gwo viktwa lame endijèn sou lame kolon esklavajis yo an 1803, dat tankou premye Janvye ki se dat endepandans nou, gen anpil lòt dat tou ki enpòtan tankou 7 Fevriye ki fè nou sonje la fen yon diktati bout di ki t ap toupizi pèp Ayisyen an.
Ann montre lemond antye ke kapasite met tèt ansanm ki te lakay zansèt nou yo pa disparèt e nou ka travay pou yon Ayiti ki reprann tout bon vre dwa grandèt majè li.
Mesi.
Walsonn Sanon
Kowòdonatè Nasyonal ANFÒS pou Ayiti
- Log in to post comments


