PubGazetteHaiti202005

Haiti/Politique:- " PAP GEN PANZOU", promesse de l'Alternative Consensuelle à la population

Photo

PORT-AU-PRINCE, Le 4 Novembre 2019
(www.gazettehaiti.com)

 

« PAP GEN PANZOU », telle est la garantie de l'Alternative Consensuelle aux différents secteurs et organisations impliqués dans la mobilisation pour obtenir la démission de Jovenel Moise. Des signataires de l'Alternative promettent de défendre les intérêts du peuple contre toute tentative de récupération du mouvement populaire par des tenants du système.

Dans un communiqué signé par les Députés de l'opposition, des partis et organisations politiques membres de l'Alternative dont ODEP Haiti et VIV Ayiti, les opposants annoncent pour bientôt l'installation d'un Président au Palais National en remplacement de Jovenel Moise qui devra quitter sous peu le pouvoir, disent-ils.

In extenso 


Nòt pou Laprès


Pèp  la pap pran Panzou! 


Nou menm, manm  Altènativ konsansyèl ki deside ekxprime pozisyon n atravè nòt pou laprès sa a, ap kontinye retire chapo n devan kouraj ak detèminasyon pèp ayisyen  an ki deside pran desten l nan men, pou l rebati yon Ayiti kote tout mounn dwe viv tankou moun. Sepandan, se ak anpil lapèn tou, nou kontinye konstate masak kap fèt sou yon pèp kap goumen pou l chanje move kondisyon malsite ki kondane l nan doulè grangou, chomaj ak tout kalite vye maladi, kise konsekans move zak koripsyon pouvwa tèt kale a depi environ 8 lane e ki gen nan tèt li jodi a enkilpe Jovenel MOISE .

Devan soufrans pèp la, nou mande politisyen ak eritye kolon ki pa janm kanpe bò kote pèp la nan mobilzasyon pou chanje sistèm lan, men kap veye pou ba pèp la panzou, pran yon tikonsyans, bliye enterè mesken yo, pote kole ak altènativ la, pote kole ak mas yo, konsa ya sispann bay blan preteks pou yo itilize mo « divizsyon » nan mitan nou,  kise estrateji yo pou sipòte pouvwa tèt kale a, anba chal . Nap raple  tout moun alawonnbadè, sistèm sa about, li pa ka renouvle tèt li paske pèp la pap fè bak e li dwe kontinye kanpe djanm dèyè barikad li poul fè lejitim defans. BARIKAD NOU SE ZAM NOU. 

Nap raple, Depite lopozisyon yo te mete Jovenel an akizasyon, depite majorite yo pase règleman chanm depite a anba pye,  yo kenbe Jovenel; Senatè opozisyon yo bloke ratifikasyon Premye minis Lapen epi Fritz William pou yo te di Jovenel pwoblèm nan se pa premye problèm premye minis, men se chanje sistèm lan; plizyè milyon ayisyen ak ayisyèn pran lari pasifikman pou mande jovenel demisyone, li refize bay kle palè a.  Fòk sipòtè Jovenel yo konnen tèt rèd li kontinye ap fè jodi a nan tèt pouvwa a, se li kap mete lavi fanm ansent, mounn malad, timounn, jenn mounn tankou granmounn an danje. Se li ki lakòz lavi paka reprann n'a peyi a kote menm timoun paka al lekòl. Volonte Jovenel Moise pou l kenbe pouvwa nan mepri revandikasyon mas yo ak tout sektè nan peyi a kap mande l demisyone ap ranfòse peyi a chak jou nan yon kriz imanitè san parèy.
Jounen jodia kòlè pèp la monte piwo pase lanm lanmè ki move e lap gwonde pifò pase kout loray. Nou di tout moun kap sipòte pouvwa tèt kale a, ayisen san konsyans kou etranje, pa kite kòlè pèp la moute pi plis, paske jou pou pasyans li bout la  pa lwen.   

Tout mounn alawonnbadè ann pote kole ak pèp la ansanm ak altènativ la, avan l trò ta, pou nou pouse do Jovenel, kanpe yon pouvwa tranzisyon ki koupe fache ak ansyen pratik yo epi realize pwosè petrokaribe a ak lòt masak yo, reyalize konferans nasyonal souverèn nan, pou nou retire pèp la anba mizè grangou, chomaj, ensekirite, blakawout  epi sove Ayiti ak tout pitit li yo san distenksyon.

Pèp ayisyen, Altènativ ak alye l yo , nan kominyon ak pèp kap sakrifye lavi l chak jou nan mobilizasyon kont sistèm ekxklizyon sa, ba nou garanti nan jou kap vini la yo nap antan n nou sou ki Jij nan Lakou Kasasyon kap gen pou ranplase Jovenel Moise sou pouvwa a, ak yon gouvènman pou n al kase sistèm miwo miba a epi bay peyi a yon lòt direksyon. Nou pap trayi konfyans okenn sektè nan peyi a, ak mas yo an patikilye . 

Pèp pa janm pèdi batay. 

Pou otantifikasyon :

Doktè Shiler LOUIDOR ;

Assade VOLCY / ODEP/HAITI ;

AYITI Rony THIMOTE/ VIV Ayiti ;

Biron ODIGE/ Viv Ayiti ;

Ansyen Senatè Ivon FEUILLE ;

Depite Joseph Manes LOUIS ;

Depite Pierre Fequiere JULIEN ;

Depite Roger MILLIEN ;

Depite Belizaire PRINTEMPS ;

Depite Jean Marcel LUMERANT ;

Depite Déus DERONNETH ;

Depite Bertrand SINAL ;

Depite Ketèl JEAN-PHILIPE ;

Depite Romual SMITH ;

Depite Vikerson GARNIER

Politique

Culture

Economie

Sport